Kiyès Nou Ye?

Travay Nou
Nou la pou ede moun ede tèt yo. Ampil moun pa pale angle osinon pa fin trò alèz ak lang la,
men yo deja konnen kisa yo bezwen nan imigrasyon. Swa yo deja pale ak yon avoka ki diyo kisa pou yo fè osinon yo deja konnen ki fòm pou yo voye bay imigrasyon. Nou menm nou li angle a pou yo. Lè yo reponn kesyon yo, nou ekri angle a sou fòm imigrasyon yo. Nou li bayo tout esplikasyon koman e avèk kisa pou voye fòm sa tounen nan imigrasyon. Nou fè tradiksyon tout papye yap voye nan imigrasyon ki pa deja ekri nan lang angle. Nou kenbe men ansanm jiskaske papye yo nan anvlop pou voye ale.
Nou pa avoka. Se avoka ki ka bawou konsèy kisa pou fè e ki ka defann ou devan imigrasyon ak jij imigrasyon. Siw bezwen yon avoka mande nou e nap fè tout efò pou edew jwen youn.
Pale avèk nou
Ou gen kesyon pou nou? Nou toujou gen moun ki pare pou pale avèk ou pou tout fòm imigrasyon ou bezwen voye ale.