Sèvis

Azil

Kelkeswa komanw te antre nan peyi etazini, depiw sou tè a, nou ka edew voye aplikasyon azil ou nan imigrasyon. Lè imigrasyon relew nan entèvyou nou ka metew an kontak ak you entepwèt, avèk avoka tou siw bezwen.

Rezidans

Nou gen eksperians ak tout fòm imigrasyon yo. Siw bezwen yon Chanjman Estati, ou marye ak yon sitizen, ou bezwen bay fiyansew viza, osinon wap bay pitit ou, frèw ak sèw rezidans, rele nou. Nap asire ke papyew fèt rapid ak tout sa imigrasyon bezwen pou pa pedi tan.

Sitizen, Kat Travay, TPS elatriye...

Pou tout sèvis imigrasyon. kelkeswa kotew ye nan peyi Etazini. Rele biwo GiTS pou ka jwen bon jan sevis e pou afèw mache rapid san pèdi tan. Nou gen yon staf profesyonèl ki pare pou pale avèw nan lang matènèl ou pou asire kew byen konprann tout sa kap fèt.

Pale Avèk Nou

Nenpot ki kestyon nou ta genyen sou zafè imigrasyon, pa tann, pa wont, pie kout pran devan.